musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - NOU PAKA ANSANM (FEAT. TROUBLEBOY HITMAKER) - FATIMA ALTIERI - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Nou Paka Ansanm (feat. TROUBLEBOY HITMAKER) letra
Antouraj ou di m m son ti frekan
Ou sot nan on klas sosyal diferan
Sa pa anpeche nou fè dife pran
Sitou lè w avè m map ouvè kò m tankou on ti pedan
Cheri ou fè m vin romantik
Ou fè m santi m byen m paka ba w manti
Ou wè avè m ou pa gen avni
Ou gentan ranplase m ak on lòt san ou pa mande m avi m
Cheri w son fanm marye
Mwen son varye se wonn nan m te vin gaye
Mwen pat vin pou m rete
M toujou di fò m remèt chak fwa m prete
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
Mwen te fin abitye mwen te menm adikte
Men se domaj ke nou pap ka soude
Mwen son fanm marye mari m dwe respekte
Se mwen sosyete a gen pou l kondane
Mwen yap kondane
Mwen yap imilye
Yo pap aksepte paske se fanm mwen ye
W konn jan sa ye jan yo konn jije m
Tanpri ann kanpe cheri m pap kontinye
Non nou pap ka ansanm se vre ou nan san m
M ta vle n ansanm men fòk mwen pran san m
Se on ti moman nou de te aksepte
Se on kont defe ki pa reyalite
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
Renmen sonje w sa deranje kwè mwen si ou vle
Se ou ke mwen te vle menm si sa pat ka mache
Mwen sonje w tou
M pa baw manti m kwè nan nou m kwè nan lanmou
M pa konn pouki nou pa ansanm ankò
M te sou fè bagay serye men ou potko pare
Se jwe ke w te vle jwe e laj ki tap monte
Don't hate the player hate the game
Menm si nou pa ansanm love la still ret the same
Le n kwaze nan lari n ava souri
Na sonje n te genyen yon love story
Wa va yon bèl souvni, yon kado k pap louvri
Na va kontinye viv lavi n men cheri
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
Se pa vle m pa vle avè w
Se pa renmen ke mwen pa renmen w
Cheri n pa ka ansanm
Cheri n pa ka ansanm
Fatima Altieri - Letras
- À Temps (feat. Kreyol La)
- Blese
- Carrière (feat. Coyote Jo Bastard)
- DODO
- Espas (feat. KANIS)
- Hello
- Kole Sou Mwen (feat. Yoan)
- M Bezwen Lanmou (feat. Wendyyy)
- Map Tann Ou (feat. Jean Bernard Thomas)
- Nan dlo (feat. Oswald)
- Nou Paka Ansanm (feat. TROUBLEBOY HITMAKER)
- Nwèl Pa'M (feat. Shishie)
- Padon (feat. TROUBLEBOY HITMAKER)
- Pou te
- Prije m
- Pwoteje M
- Pyem Mare (feat. Kenny Haiti)
- San Kondisyon (feat. Jude Jean)
- Self Love (feat. Phyllisia Ross)
- Souvni
- Souvni (Toby Anbake Remix) (feat. Toby Anbake)
- Tout Sam Vle
- W'abandone'm
- Wololoy (feat. Kenny Haiti)
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br